Mwen ekri, m ekri, m ekri
tout ti detay nan syèl
mwen ekri sou vag lanmè
sou ti fè, la mizè, lapli
mwen menm trase nanm mwen
Emosyon mwen sou papye
bèl pawòl literati
bèl chema fe klenklen
Jou m kontre w cheri
tout ti mo dous krase rak
plim mwen tranble, krache, vomi
tout chema tounen madigriji
in bliye konte, m bliye pale
je m nan je w
menm nan men w
se sèl verite
Lavi se pawòl granmoun
mariaj se koze moun fou
yon sel mo rete nan vokabilè nou
« lanmou »
lanmou mwen avè w
siwèl nou
rapadou nou
alfabè nou
lakansyèl nou
san nan venn nou
foumi anba po nou
Jou m kontre ak ou cheri
syel ou fè yonn ak tè m
rivyè w koule nan lanmè m
vigil ou kotre ak pwen final mwen
m renmen w cheri
m renmen w
ak zo m, ak po m
ak nanm mwen
ak tout kò mwen
sou tout kò mwen
m renmen w nan sekrè mwen
Ce poème de Jeanie Bogart, « A la foli » – qui mérite à
son auteure le premier prix Kalbas Lò Lakarayib en 2006
– est extrait de son disque compact Dènye Rèl,
produit à New York en 2007 chez Encre de Chine. Vous y
entendrez la voix de Jeanie Bogart, accompagnée (chant)
par André Fouad, John Steve Brunache et BIC, avec Marc
Mathelier à la guitare.
Reproduit sur Île en île avec permission.
© 2007 Jeanie Bogart
Retour:
- Jeanie Bogart – page de présentation
- Trois poèmes lus par Jeanie Bogart : « Woman », « Le cri » et « A la foli ».
- littérature @ Île en île