Créations vol 1, nº 1, pages 16-17 |
m pa gen lòt
demen
yon pari kazwèl
rèv lòm
se limit lòmfoli pa m
pa foli bifèt
ni riyèl
foli m se riban
nan tèt timoun
jaden danfanEgzil mwen
ki pi lwen m
se san m k ap sikile
nan pye mesiyenlafwa m
ap glise byen klere
nan bave chen
letènite
s’on pikèt bèfsimityè travèse
somèy nou
an janm de bwa
an bagèt legede
li kite nan de men nou
yon milye ti bato papye
k ap navige nan kalbaslanmò m gen de fas
yon fas fanm
yon fas dlolabote
s’on zwazo benyen an san
ki frape kò l sou vit la
epi k rale on trèn zetwal
son nan je m
Bonel Auguste
Né à Port-au-Prince en 1973, Bonel Auguste a étudié la
linguistique et l’histoire de l’art.
Travaille à la Bibliothèque Monique Calixte.
Retour:
- Bonel Auguste – page de présentation
- Boutures, vol.1; n° 1 – table des matières
- littérature @ Île en île