(extraits)
Egzil mwen
ki pi lwen m
se san m k ap sikile
nan pye mesiyen
m pa gen lòt demen
yon pari kazwèl
rèv lòm se limit lòm
* * *
Foli pa m
pa foli bifèt
ni riyèl
foli m se riban
nan tèt timoun
jaden danfan
* * *
Lafwa m
ap glise byen klere
nan bave chen
letènite
s’on pikèt bèf
* * *
Simityè travèse
somèy nou
an janm de bwa
an bagèt legede
li kite nan de men nou
yon milye ti bato papye
k ap navige nan kalbas
* * *
Lanmò m gen de fas
yon fas fanm
yon fas dlo
Le recueil Fas doub lanmò, par Bonel Auguste, a été publié pour la première fois à Port-au-Prince aux Éditions Mémoire en 2000. Ces extraits (des pages 35, 10, 44, 51, 55) sont reproduits sur Île en île avec la permission de l’auteur.
© 2000 Bonel Auguste